|
FONDASYON AKADEMI NASYONAL CHWAZI DE LEKÒL SEGONDÈ MIAMI-DADE KÒM AKADEMI DISTENGE Yo deziyen de (2) lekòl segondè Miami-Dade County pami sèt akademi “National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal) ki soti atravè peyi a kòm Akademi Distenge. Lekòl yo se, Akademi Ospitalite ak Touris Lekòl Segondè Miami Springs, ak Akademi Bank ak Finans Southwest Miami, yo ap rekonèt nan reyinyon anyèl NAF la 17 a 19 jiyè nan San Francisco. Yo te etabli Akademi Ospitalite ak Touris nan Lekòl Segondè Miami Springs an 1987 pou ekspoze elèv yo a yon varyete chemen opòtinite ak karyè nan youn nan pi gwo endistri nan mond lan. Akademi an se yon efò lokal tèt ansanm Lekòl Leta Miami‐Dade County ak kòporasyon endistri ki prepare elèv pou antre nan domèn ospitalite ak touris nan nivo pwofesyonèl. Elèv yo patisipe tou nan pwomnad, koute envite ekspè e patisipe nan aktivite deyò ak sèvis kominotè nan endistri a. Depi nevan, Akademi Bank ak Finans nan Lekòl Segondè Southwest Miami ap prepare elèv pou karyè ki gen siksè nan endistri sèvis finans. Elèv yo jwenn yon konpreyansyon sou rapò ki egziste ant edikasyon yo ak pouvwa potansyèl pou yo fè lajan nan lavni. Atravè pwofesè ki fòme nan endistri, estaj ak konseye nan endistri yo, elèv resevwa yon kourikoulòm ak gidans ki nesesè pou karyè gratifyan e satisfezan. NAF se yon rezo nasyonal akademi karyè lekòl segondè renome ki baze pifò nan distri-lekòl iben anndan lekòl ki gen kourikoulòm rijid, kourikoulòm sou tèm karyè yo kreye avèk endistri aktyèl ak ekspètiz edikasyonèl. Chak ane, NAF sèvi plis pase 50,000 elèv nan plis pase 500 akademi nan 41 eta, District of Columbia, ak Virgin Islands U.S. atravè Akademi Finans, Akademi Jeni, Akademi Ospitalite ak Touris, e Akademi Enfòmatik. Pou plis enfòmasyon, kontakte Direktè Lekòl Segondè Miami Springs Thomas Ennis nan 305-885-3585; oubyen direktè Lekòl Segondè Southwest Miami James Haj nan 305-274-0181.
### 11-JS/041/HD/RL
|