POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 4 mas 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

PREZIDAN OBAMA VIZITE LEKÒL SEGONDÈ MIAMI CENTRAL

Prezidan Barack Obama vizite Lekòl Segondè Miami Central avèk Sekretè Depatman Edikasyon Arne Duncan, e ansyen Gouvènè Florid Jeb Bush aprèmidi a. Yo te chwazi Lekòl Segondè Miami Central pou vizit la akoz li te amelyore nòt pèfòmans li.  Lekòl la te yon lekòl nòt “F” anvan e eta a te menase pou l pran li anchaj.  Sepandan ane lekòl dènye, yo te klasifye Lekòl Segondè Miami Central kòm yon lekòl nòt “D” e ane sa a li te avanse jiska yon nòt “C”. 

Lekòl la te resevwa fon nan “Title I School Improvement Grant (SIG)” (Don pou Amelyore Lekòl ‘Title 1’), ki ofri sipò pou lekòl ki bezwen amelyorasyon.  Fon donasyon sa yo soti nan Depatman Edikasyon Etazini pou sipòte amelyorasyon lekòl ki bezwen amelyorasyon.  Alberto M. Carvalho, Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County te chwazi yon modèl lekòl an retablisman pou lekòl la ki te gen ladan ranplase direktè lekòl la, pa renouvle kontra pou plis pase 50 pousan anplwaye yo, e bay nouvo direktè a ase fleksiblite pou l mete an plas estrateji pou pi gwo amelyorasyon te rive fèt kote elèv yo.  Miami Central te mete an fonksyon plan rigoure e li te kontinye amelyore depi ane lekòl 2005-06 la, an pati atravè resous adisyonèl ki disponib avèk don federal ki te sipòte efò sa yo.

Sipèentandan Carvalho di, “Miami-Dade County pran chaj egzekisyon chanjman yo trè oserye… Nou bezwen asire chak timoun nan Miami-Dade prepare pou ekonomi global 21yèm syèk la.” Distri Lekòl la te kreye “Education Transformation Office (ETO)” (Biwo Transfòmasyon Edikayson) pou l konplètman sipòte diznèf lekòl ki bezwen amelyorasyon yo.  ETO ofri sipò entansif ak envidyèl pou “19 lekòl k ap Monte” jan yo konnen lekòl sa yo.  Sipò ETO gen ladan fonksyònman lekòl, kourikoulòm ak enstriksyon, devlòpman pwofesyonèl pou pwofesè ak estrateji pou pwomouvwa patisipasyon paran.

Elèv lekòl Miami-Dade County (M-DCPS) depase pèfòmans elèv nan anpil gwo vil Etazini nan “2009 National Assessment of Educational Progress (NAEP)” (Evalaysyon Nasyonal sou Pwogrè Edikasyonèl 2009) “Trial District Report (TUDA)” (Rapò Esè Distri) a nan syans, lekti ak matematik.

Pandan diskou Piblik Anyèl li a e nan bidjè pou ane fiskal 2012 li a, Prezidan Obama te dekri yon plan pou asire edikasyon elèv nou yo depase nivo, “siksè ekonomi nou an depann sou triyonf elèv nou yo.  Nou non sèlman gen yon obligasyon moral, men nou gen yon obligasyon finansye pou n edike avni nou.”  Plan Obama a pwopoze gwo envetisman nan edikasyon pou nou ka genyen kous la pou n edike timoun nou yo.

Nòt Editè a:  Atachman Foto.

Obama_Bush_Duncan

 

###

11-JS/042/GC/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès