|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 11 mas 2011 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
YO CHWAZI PWOFESÈ LEKÒL KOMINOTÈ, KI FYÈ LI TE GRADYE NAN LEKÒL SEGONDÈ HIALEAH KÒM RÈN KANAVAL MIAMI 2011
Resamman Klib Kiwanis chwazi Damaris Aguiar, yon pwofesè edikasyon kominotè nan Lekòl Elemantè North Twin Lakes e ki te gradye nan Lekòl Segondè Hialeah, Lekòl Leta Miami-Dade County, kòm Rèn Kanaval Miami 2011. Mademwazèl Aguiar, yon etidyan 24 tran, nan “ Florida International University” (Inivèsite Entènasyonal Florid), ap gradye ann avril ak doub diplòm nan “Marketing” (Pwomosyon Reklam) ak Jesyon.
Anvan sa li te sèvi kòm Rèn Miami USA 2010 e li te gen opòtinite pou l te antre nan konpetisyon an jiyè pase nan konkou bote pou reprezante Mademwazèl Florid USA kote li te fini an 15zyèm pami 64 konkiran. Damaris patisipe tou atravè kominote a nan fè volontè nan plizyè òganizasyon ki pa la pou pwofi tankou “Big Brothers, Big Sisters, Best Buddies and Strong Woman, Strong Girls” (Gran Frè, Gran Sè, Bon Zanmi ak Fanm Vanyan, Jèn Fi Vanyan).
Nòt Editè a: Atachman Foto
###
11-JS/044/GC/CF
Retounen sou Nòt pou Laprès |