POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 11 mas 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN CHÈF POLIS LEKÒL MIAMI-DADE LA FINALIS POU PRIM DIREKTÈ SEKIRITE KANPOUS

MIAMI – Magazin Campus Safety (Sekirite Kanpous), nonmen Chèf Polis Lekòl Miami-Dade County Charles Hurley kòm youn nan finalis Meyè Direktè Sekirite Kanpous pou ane 2010 la.  Magazin sa aonore pi bon pami pi bon yo nan sekirite ak sante piblik nan kominote a.  Magazin Campus Safety ap seleksyone meyè gayan an nan konferans anyèl Sekirite Kanpous ki ap fèt 30–31 mas 2011 nan Long Beach, Kalifòni.

Nan espas sis mwa apre li te pran pozisyon chèf la, Hurley fè depatman li a vin operasyonèl pou premye fwa depi 1957.  Li asosye ofisye li yo avèk tribinal jidisyè pou yo ka bay ofisye polis Distri a fòmasyon nan rezoud kriz.  Pami lòt bagay li reyalize nou jwenn:  

  • Li etabli yon estrateji aplikasyon lwa sikilasyon ki redui prèske a mwatye kantite aksidan sikilasyon ki enplike elèv ak pyeton
  • Li diminye krim atravè Distri a pandan twazan
  • Li remanye konplètman operasyon finans Depatmnan an
  • Li redui ensidan ak arestasyon, patikilyèman arestasyon pami minorite yo
  • Li ogmante konpreyansyon moun sou kesyon vòl
  • Li etabli fòmasyon nan tout Depatman an sou nuizans ak sante mantal
  • Li jwenn fon teknoloji pou “COPS” 
  • Li kreye yon Inite Kondui Agresif pou pwoteje limit vitès nan zòn lekòl ak elèv

Magazin Campus Safety sèvi sèlman chèf polis kanpous, direktè sekirite, anplwaye enfòmatik ak administratè egzekitif ki enplike nan domèn sekirite piblik ak sekirite gwo lopital, lekòl ak inivèsite Ozetazini.

 

###

11-JS/050/HD/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès