|
SIPÈENTANDAN CARVALHO PATISIPE NAN EVÈNMAN EDIKASYON Miami- Sipèentandan Lekòl Miami-Dade yo Alberto M. Carvalho te patisipe nan plizyè evènman edikasyon nasyonal ak entènasyonal nan New York ak Washington semèn sa a. Premye kanpe Carvalho se te Somè Entènasyonal sou Pwofesyon Ansèyman, yo te lanse nan Mize Istwa Natirèl Ameriken New York 16 mas avèk remak ouvèti Sekretè Edikasyon Etazini Arne Duncan. Somè a te konvoke minis edikasyon ak lidè sendika ki soti nan ven peyi ki pèfòme pi byen nan mond lan, ansanm ak lidè òganizasyon edikasyon ak pwofesè konpetan pou edantifye meyè pratik atravè mond lan ki ranfòse pwofesyon ansèyman an efektivman nan fason ki fèt pou amelyore akonplisman elèv. Se Depatman Edikasyon Etazini, Òganizasyon pou Kowoperasyon Ekonomik ak Devlopman, ak Edikasyon Entènasyonal ki te prezante Somè a. Vandredi 18 mas, Carvalho pral patisipe nan yon panèl ki rele “Tèt Ansanm pou Fè yon Diferans: Kijan edikasyon ak biznis ka travay ansanm pou satisfè bi yo e kijan medya a ka ede?” kòm pati pa USA Today nan inogirasyon Fowòm Edikasyon TÈT ANSANM POU FÈ YON DIFERANS nan Washington, DC. Evènman an ap fèt nan oditoryòm Gannet jounal la e se Konsil Lekòl Gran Vil yo ki ap prezante li. Sipèentandan Carvalho pral patisipe nan Konferans Lejislatif/Règleman Anyèl Konsil Lekòl Gran Vil yo 19 ak 20 mas nan Otèl Mayflower nan Washington. Anplis dènye règleman ak lejislatif, patisipan yo pral diskite pozisyon re-otorizasyon Akò Elemantè ak Segondè (Okenn Timoun Pap Ret Dèyè), bidjè ak adaptasyon, Don Kous pou Antèt ak Amelyorasyon Lekòl, ak lòt sijè lejislatif. Sekretè Edikasyon Arne Duncan, manm Kongrè ak anplwaye pwograme pou yo ale nan konferans la.
### 11-JS/052/JS/RL
|