POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 24 mas 2011     

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS AP FÈ SEREMONI LANSMAN KONSTRIKSYON

KIYÈS: 
Manm Komisyon Konsèy Lekòl, anplwaye Distri, lidè kominotè, elèv, paran ak sitwayen enterese
KISA:
Seremoni Lansman Konstriksyon Lekòl Mwayen North Dade ak Sant Lang Modèn Lekòl Elemantè North Dade
KILÈ: 
Lendi 28 mas 2011, a 9è dimaten
KI KOTE: 

1840 N.W. 157 Street
Miami Gardens, FL 33054     

POUKISA:

Kanpous North Dade la gen de pati ladan, Lekòl Mwayen North Dade ak Sant Lang Modèn Lekòl Elemantè.  Li gen pou li re-ouvè ann out 2012.  Pwojè a gen ladan yon nouvo bilding salklas de etaj ak yon bilding administrasyon pou Lekòl Mwayen North Dade.  Anplis, yo pral konstui yon bilding salklas de etaj pou Sant Lang Modèn North Dade.  Yon nouvo bilding kafeterya avèk yon “Food Shelter” (Depo Mange) ap sèvi toude, lekòl mwayen an ak lekòl elemantè a.

Nouvo konstriksyon an ap gen ladan tou yon espas pou edikasyon fizik ak yon sal amizman.  Anplasman an ap gen ladan yon plaza pou antre, zòn pou paran ak otobis depoze elèv, wout pou mache ki kouvri, agrandisman teren paking nan, yon nouvo lakou pou jwe ak teren an siman pou lekòl elemantè a.  Renovasyon bilding ki la a genyen ladan pentire, renove sal kazye a kle yo, klimatize jimnazyòm nan, fè amelyorasyon nan oditoryòm nan ak renovasyon teren tenis la. 

 

 

# # #

11-JJS/053/DF/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès