|
M-DCPS AP FỀ YON LOTRI POU ENSKRIPSYON VPK, 1YE AVRIL Nenpòt timoun ki vin gen 4 tran anvan oubyen 1ye septanm 2011 ap kalifye pou pwogram “Voluntary Pre-Kindergarten (VPK)” (Enskripsyon Volontè pou Klas Matènèl). Si yon lekòl gen plis aplikan pase kantite plas li genyen, lekòl la pral sèvi ak sistèm lotri pou fè seleksyon yo. Ane sa a lotri a ap fèt 1ye avril. Yo ankouraje paran yo pou ajoute non pitit yo nan lekòl ki nan zòn yo pou yo ka patisipe nan lotri a si jamè li ta nesesè pou gen youn nan lekòl sa a. Paran yo bezwen konnen tou yo dwe genyen yon “Certificate of Eligibility (COE)” (Sètifika Elijiblite) anvan 22 avril 2011, si yo chwazi pitit yo. Pou plis enfòmasyon, kontakte San Juanita de la Cruz, Sipèvizè Distri, nan 305-995-7658.
### 11-JS/055/GC/RL
|