POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 5 avril 2011  

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

KONFERANS POU LAPRÈS KONSÈNAN
PRIM BROAD POU EDIKASON IBEN

KIYÈS: 

Sipèentandan Lekòl yo Alberto Carvalho, administratè lekòl ak distri

KISA:
Konferans pou laprès konsènan nominasyon Lekòl Leta Miami-Dade County kòm yon finalis pou Prim Broad pou Edikasyon Iben
KILÈ: 

Madi 5 avril 2011
2è nan aprèmidi

               
KI KOTE: 

School Board Administration Building
1450 N.E. 2nd Ave., Room 904
Miami, Florida 33132

POUKISA:

Sa fè katriyèm fwa yo rekonèt M-DCPS, apre li te yon finalis an 2006, 2007 ak 2008.       
                       
Prim Broad pou Edikasyon Iben onore distri lekòl iben ki demontre meyè pèfòmans ak amelyorasyon anjeneral nan akonplisman elèv pandan y ap redui diferans nan akonplisman pami elèv ekonomikman ba e minoritè.  Yo pral anonse gayan Prim Broad la 20 septanm 2011 nan Washington, D.C. e li ap resevwa $550,000 bous pou kolèj ak pou lekòl segondè.  Twa finalis distri yo ap resevwa $150,000 bous pou kolèj.

 

 

# # #

11-JS/056/VVL/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès