POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 26 avril 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL REJYON V M-DCPS YO PRAL PÈFÒME 27 AVRIL
POU SIPÒTE ENSTITI TOU KOLÈJ

Plis pase 20 lekòl Rejyon V pral prezante pèfòmans mizikal, teyat ak dans elèv nan “Dare to Dream Showcase” (Ekspozisyon Defi pou Reve) mèkredi 27 avril, pou sipòte “College Tour Insitute (CTI)” (Enstiti Tou Kolèj).  Evènman an ap kòmanse a 6:30 diswa nan Pinecrest Gardens, 11000 Red Road, Pinecrest, FL 33156.  Ap gen yon resepsyon pou donatè yo a 5:30 nan aprèmidi.

CTI, yon pwogram konsyantizasyon pou Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) ap dirije, kreye kominote kolèj ki amelyore enstriksyon elèv e ogmante pousantaj elèv ki pral nan kòlèj pami fiti elèv ki gen mwayen ba e ki premye jenerasyon, an kolaborasyon avèk lekòl, kolèj, biznis, ak patnè kominotè.  CTI se yon eleman “The Foundation for Education Initiatives, Inc.” (Fondasyon pou Inisyativ Edikasyon), Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County kreye pou ogmante siksè elèv ak patisipasyon kominotè.

Patisipan nan pwogram nan rete nan pwent sid county a.  Pwogram nan bay elèv lekòl mwayen opòtinite pou yo kòmanse planifye chemen yo pou edikasyon apre lekòl segondè.  Premye ane elèv yo patisipe a yo pral nan yon sesyon kat-semèn, ki gen ladan yon semèn vwayaj atravè eta a pou vizite University of Florida, Florida State University, University of South Florida, University of Central Florida, Florida Gulf Coast University, ak Florida A&M University.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Dtè. Raquel Pelletier nan Pelletier@dadeschools.net.

 

###

11-JS/063/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès