POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 26 avril 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

PWODIKSYON FINAL SERI KONSÈ SIPÈENTANDAN AN POU BENEFIS ANE SA A PWOGRAME POU 6 ME

Sipèentandan Alberto M. Carvalho envite kominote a pou vini e amize yo nan pèfòmans Distri a ap fè ak elèv ki gen talan chantè, dansè  ak atis, yo pral prezante nan pwodiksyon final Seri Konsè Sipèentandan an pou Benefis ane sa a vandredi  6 me a 7:30 diswa nan oditoryòm Miami Jackson Senior High School.  Lekòl la lokalize nan 1751 N.W. 36th St., Miami.
 
Tit konsè a se, “Magic to Do” (Ann Fè Mirak), pral ramase fon pou “Foundation for New Education Initiatives, Inc.” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon) pou sipòte “Cultural Passport Program” (Pwogram Paspò Kiltrirèl) la.
 
Elèv k ap pèfòme nan konsè a ap soti nan lekòl k ap suiv yo:
·         William Lehman Elementary School
·         Country Club Middle School
·         Charles R. Drew Middle School
·         Miami Carol City Senior High School
·         G. Holmes Braddock Senior High School
·         Dr. Michael M. Krop Senior High School
·         New World School of the Arts
·         Miami Palmetto Senior High School

Objektif Pwogram Paspò Kiltirèl la se pou bay tout elèv jandendanfan rive 12yèm ane eskolè yon eksperyans diferan nan domèn kiltirèl chak ane lekòl.  Anvan yon elèv gradye nan lekòl segondè, li ap deja vizite mize ak galri ar e fè eksperyans pèfòmans mizik andirèk, teyat, ak dans.
 
Tikè yo se $5 e ou ka achte yo sou Entènèt atravè “TicketWeb” nan http://giveourstudentstheworld.org/spring-benefit-concert.html  .
 
Pou plis enfòmasyon, kontakte Robert T. Davis, Sipèvizè Distri, Pèfòmans Ar, nan
305-995-1930.

 

###

11/JS/064/HD/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès