|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 28 avril 2011 |
KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
M-DCPS AP SELEBRE FÈMTI AKTIVITE ‘MWA LATÈ’ AVÈK
ATIS XAVIER CORTADA – PLANTE PYEBWA NATIF, KANPE DRAPO
KOMEMORATIF POU REKLAMASYON LATÈ
|
Atis Ekoloji Xavier Cortada, Elèv Lekòl Segondè Miami Carol City ak Lekòl Mwayen Redland, reprezantan ki soti nan Mize Syans Miami, ak administratè Distri
|
|
Mwa Latè 2011– Pwojè Reklamasyon: Plante Pyebwa Natif
Inisyativ ar ekolojik Xavier Cortada pou ede re-grandi touf ak pyebwa natif Sid Florid la |
KILÈ: |
Vandredi 29 avril 2011
10è dimaten nan Lekòl Segondè Miami Carol City
1:30 nan aprèmidi nan Lekòl Mwayen Redland
|
KI KOTE: |
Miami Carol City Senior High
3301 Miami Gardens Drive
Miami Gardens, FL 33056
Redland Middle School
16001 S.W. 248th St.
Homestead, FL 33031
|
POUKISA: |
Pwojè Reklamasyon an se yon pwojè ar ekolojik patisipatwa atis Miami Xavier Cortada te lanse an 2006 e Mize Syans Miami prezante nan Sid Florid. Jounen Latè 2011 make dezyèm ane kolaborasyon ant atis la, Komisyon Konsèy Lekòl la, Mize Syans Miami an ak “the Deering Estate at Cutler”. Ane sa a, kòm somè aktivite Mwa Latè yo, Pwojè Reklamasyon an te bay chak lekòl leta Miami-Dade County pyebwa ak drapo pou yo plante yon pyebwa natif nan chak kanpous.
|
# # #
11-JS/065/HD/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |