|
M-DCPS, MINISTÈ EDIKASYON ESPAY RENOUVLE MIAMI – Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ak Mario Bedera Bravo, Sekretè Deta pou Edikasyon ak Devlopman Pwofesyonal Espay ap rankontre madi 3 me a midi, nan Sant Medya Sant Coral Way K-8 pou anonse renouvèlman “Memorandum of Understanding” (Akò Konpreyansyon) ant Distri a ak Ministè Edikasyon Espay. Lekòl la lokalize nan 1950 SW 13th Ave., Miami, FL 33145. Sa fè senkyèm fwa yo renouvle MOU an depi yo te premye siyen li an 1988. Renouvèlman sa a ofri elèv Lekòl Leta Miami-Dade County opòtinite pou yo pousuiv yon kourikoulòm akademik avèk yon konsantrasyon entènasyonal ki adrese estanda rigid sistèm edikasyonèl toude, Etazini ak Espay. Lekòl Leta Miami-Dade County kontinye pwomouvwa etid lang mondyal ak estanda entènasyonal kòm ladrès ki nesesè pou patisipasyon total nan yon kominote global. Sèt lekòl M-DCPS ofri seksyon Espayòl Pwogram Etid Entènasyonal la: Ada Merritt K-8, Coral Way K-8, George Washington Carver Middle, International Studies Preparatory Academy, International Studies Charter High School, North Dade Center for Modern Languages ak Sunset Elementary. Pou plis enfòmasyon, kontakte Divizyon Edikasyon Bileng nan 305-756-2902 oubyen 305-756-2915.
### 11-JS/066/HD/RL
|