POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 3 me 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

BIWO JESYON BIDJÈ RANPÒTE PRIM NASYONAL

Biwo Jesyon Bidjè distri lekòl Miami-Dade la ranpòte Prim Prezantasyon Bidjè Distenge pou ane fiskal 2010 nan men “Government Finance Officers Association of the United States and Canada (GFOA)” (Asosyasyon Ofisye Finans Gouvènman Etazini ak Kanada).

Pwogram Prim Prezantasyon Bidjè Distenge (Pwogram Prim Bidjè) ki te etabli an 1984, ankouraje e ede gouvènman eta ak lokal yo nan prepare dokiman bidjè pi gwo kalite ki reflete toude, machasuiv Konsil Konsèy Nasyonal la etabli sou Bidjè Eta ak Lokal yo e meyè pratik sou bidjè GFOA a.  Li rekonèt tou gouvènman endividyèl ki gen siksè nan akonpli bi sa a.

Asosyasyon Ofisye Finans Gouvènman Etazini ak Kanada se yon òganizasyon pwofesyonèl ofisyèl piblik ki fè tèt ansanm pou amelyore e pwomouvwa jesyon pwofesyonèl resous finans gouvènmantal nan idantifye, devlope e avanse estrateji fiskal, règleman, ak pratik pou benefis piblik la.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Judith Marte, Ofisye Anchèf Bidjè, nan 305-995-1226.

 

###

11-JS/067/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès