POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 3 me 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ENSKRIPSYON POU TIMOUN KATRAN (4) OUVÈ KOUNYE A NAN
SANT APRANTISAJ TIMOUN ANBAZAJ DR. MARTIN L. KING JR.

“Dr. Martin L. King, Jr. Early Childhood Center” (Sant Aprantisaj Timoun Anbazaj Dtè. Martin L. King, Jr.) ap resevwa enskripsyon pou timoun kounye a pou ane lekòl 2011-2012 la. Timoun yo dwe gen katran anvan 1ye septanm 2011. Yo ap aksepte timoun ki soti toupatou nan Miami-Dade County, sepandan, yo pap bay transpòtasyon. Klas yo ap kòmanse a 8:30 dimaten pou rive 1:50 nan aprèmidi.

Sèvis swen apre lekòl ap disponib pou yon frè, soti 1:50 nan aprèmidi rive 6è diswa.  Sant Aprantisaj Timoun Anbazaj la espesyalize nan bay elèv klas matènèl ladrès lekti pandan yo piti.  Kourikoulòm dijital enteresan an sipòte tou pwogram debaz nan lekti, matematik ak syans avèk enstriksyon presiz, endividyalize, ki an liy ak estanda aktyèl eta e nasyonal.  Pi enpòtan toujou, elèv yo dekouvri amizman nan aprann e konsa yo vin prepare pou klas jadendanfan e apre.

Pou plis enfòmasyon, rele 305-836-0928 oubyen pase nan lekòl la nan 7124 N.W. 12th Ave., Miami, FL 33150.

 

###

11-JS/068/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès