POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 4 me 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV M-DCPS DEMONTRE PWOGRÈ ENPRESYONAN NAN EGZAMEN REDAKSYON
FCAT YO

MIAMI – Elèv elemantè ak mwayen Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) fè nòt mwayèn nan egzamen Redaksyon FCAT la KI satisfè oubyen depase nan nouvo kritè pèfòmans siperyè, daprè rezilta Redaksyon Prentan 2011 la “Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT)” (Egzamen Evalyasyon Konpreyansif Florid) “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) te pibliye.  Pousantaj elèv M-DCPS ki fè nòt egal oubyen pi wo 4.0 ogmante soti 2010 rive 2011.

Gran liy enfòmasyon adisyonèl sou rezilta M-DCPS yo anba a:

  • 80 pousan tout elèv katriyèm ane eskolè yo fè nòt 4 oubyen pi wo nan Redaksyon FCAT 2011 la, yon ogmantasyon 73 pousan an 2010.
  • 79 pousan tout elèv nan uityèm ane eskolè satisfè nivo akonplisman wo sa a nan ane 2011 la, ogmante soti 74 pousan.
  • Pousantaj elèv dizyèm ane eskolè ki fè nòt 4.0 oubyen pi wo rete estab a 73 pousan an 2011 apre yon ogmantasyon enkwayab 15 pwen nan ane anvan an.
  • Rezilta mwayèn elèv elemantè yo te konparab avèk elèv nan tout eta a an 2011.

Amelyorasyon yo montre nan egzamen Redaksyon FCAT la ka pa reflete nan Nòt Pèfòmans Lekòl Distri, yo ap bay pita nan ane sa a, akòz yon chanjman yo espere ki ka rive nan rezilta redaksyon an, malgre lefèt 67 pousan tout lekòl yo montre amelyorasyon nan pousantaj elèv ki fè nòt pi wo nivo akonplisman 4.0.

Evalyasyon redaksyon FCAT yo bay elèv ki nan katriyèm, uityèm e dizyèm ane eskolè, mande pou elèv yo ekri yon redaksyon sou yon sijè: swa naratif oubyen deskriptif pou elèv katriyèm ane eskolè, swa pou pèswade oubyen deskriptif pou elèv uityèm ak dizyèm ane eskolè.

Apeprè 78,000 elèv M-DCPS te patisipe nan evalyasyon Redaksyon FCAT Prentan 2011 la, e plis pase 95 pousan elèv distri a resevwa pèfòmans nan nivo ane eskolè yo, baze sou kritè nòt 3.0 oubyen pi wo ‘‘No Child Left Behind (NCLB)’’ (Okenn Timoun Pat Ret Dèyè) ‘‘Adequate Yearly Progess (AYP)’’ (Pwogrè Anyèl Adekwat) la.

 

###

11-JS/070/TTR/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès