POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 11 me 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 


LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AP PWOMOTE SEKIRITE “PROM”

 MIAMI – Nan yon efò pou kenbe sekirite elèv yo pandan sezon “prom” (bal gradyasyon), Lekòl Leta Miami-Dade County lanse yon inisyativ sekirite konpreyansif “prom”.  Miami-Dade Schools Police Department (M-DSPD)” (Depatman Polis Lekòl Miami-Dade) nan tèt ansanm ak Biwo Sante Mantal e Jesyon Kriz devlope e aplike inisyativ sekirite “prom” nan.

Inisyativ sa a konpoze ak sèt eleman.  Elèv fè pou kondisip yo sèvis anons piblik ki aksantye danje ki asosye ak voye tèks, bwè alkòl, oubyen itilize dwòg pandan y ap kondui.  Yo kreye yon bwochi sou sekirite pou ofri fason pou amize yo nan yon evènman san dwòg ak alkòl. Yo mande tout elèv k ap achte yon tikè “prom” pou fè pwomès pou yo pa bwè alkòl, itilize dwòg oubyen voye tèks pandan y ap kondui.  Ap gen kazye ki gen konseye “TRUST”, ki ap estasyone nan chak “prom” pou ofri gidans.

Kominote a angaje li atravè rezo sosyal ak Entènèt ansanm ak fè sansibilizasyon nan medya.  Prezantasyon lekòl la tabli pral adrese pwoblèm sekirite “prom”.  Polis lekòl yo an patenarya avèk ‘‘Florida Division of Alcoholic Beverages and Tobacco’’ (Divizyon Bwason Alkolik ak Tabak Florid) pral chase etablisman ki ka ap vann minè bwason alkolik oubyen pwodui tabak.  Anplis, ofisye M-DSPD yo ap sou plas pandan aktivite ‘‘prom’’ yo. 

###

11-JJS/074/DF/SD

Retounen sou Nòt pou Laprès