POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 13 me 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO ENVITE KORAL LEKÒL SEGONDÈ JOHN A. FERGUSON
POU PÈFÒME NAN JWÈT OLENMPIK
 

Yo envite Koral Lekòl Segondè John A. Ferguson pou pèfòme nan Jwèt Olenmpik nan Lond ane pwochèn.  Elèv yo ap fè yon konsè pou kolekte lajan 24 me a 6è diswa nan lekòl la. Lekòl Segondè John A. Ferguson lokalize nan 15900 S.W. 56th Street, Miami, FL 33185.

Ryan Ellis, direktè gwoup mizikal la di, “Elèv yo travay byen ane sa a avèk nòt ki siperyè nan Evalyasyon Eta a, yon pèfòmans nan Carnegie Hall, ak yon envitasyon pou reprezante Etazini nan Jwèt Olenmpik nan Lond ete pwochen… Konsè 24 me a pral prezante elèv nan koral ak gwoup mizikal k ap jwe kòtakòt avèk yon gwoup eksepsyonèl nan Djaz Espayòl, ki gen ladan Bobby Ramirez, Ed Calle, Nicole Yarling, Leon Foster Thomas, Jorge Rodriguez, Mark Gregory, ak Brian Russell.”

Konsè a ouvè pou piblik la e tout fon yo kolekte pral kouvri depans vwayaj pou Jwèt Olenmpik yo. Ferguson se sèl lekòl leta nan Florid yo envite pou pèfòme nan Jwèt Olenmpik Ete yo.  Pou plis enfòmasyon kontakte Msye. Ellis nan 786-877-2529.

 

###

11-JS/078/GC/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès