POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 13 me 2011    

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN LEKÒL YO ALBERTO M. CARVALHO REKÒMANDE DIMINISYON SALÈ POU ADMINISTRATÈ, ASISTAN

Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County Alberto M. Carvalho rekòmande diminisyon  salè pou administratè distri ak anplwaye biwo wo nivo yo nan reyinyon Komisyon Konsèy  Lekòl 11 me a.  Diminisyon sa yo vini imedyatman apre yo pwojte pou redui $80 milyon nan   bidjè lekòl la pou ane fiskal 2011-2012 la, ki ap kòmanse 1ye jiyè.  

Msye. Carvalho di, “Nan tan difisil sa yo nou dwe dirije nan bay egzanp… Tan difisil yo ap  kontinye, e administratè nou yo, ki te deja konsanti gwo diminisyon nan salè yo nan twa ane ki  sot pase yo, pral pran devan ankò nan absòbe chòk finansye sa a.”  Desizyon sa a ap  ekonomize $500,000 nan ane ki ap vini an, ak plizyè milyon dola nan ane ki pral vini yo.   

Diminisyon salè sa yo ap afekte apeprè 400 administratè ak anplwaye biwo e Komisyon   Konsèy Lekòl la te apwouve yo.  Mezi sa a ap redui maksimòm echèl peman administratè yo   de 20 pousan.  Administratè ki deja nan pozisyon sa yo pral fè fas a de pousan diminisyon nan   salè yo, ansanm ak yon twa pousan nan salè yo ki se rezilta aksyon Lejislati a ki mande   anplwaye leta yo pou yo patisipe nan peye pou fon retrèt yo. 

 

###

11-JS/079/TR/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès