POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 17 me 2011       

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS AP FÈ YON SOSYAL PRENTAN POU ELÈV KI GEN PWOBLÈM OTIS

KIYÈS: 
Elèv Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS), administratè ak anplwaye
KISA:
Sosyal Prentan M-DCPS pou Elèv ki gen Pwoblèm Otis 
KILÈ: 
18 me 2011 soti 9:30 dimaten rive 1:30 nan aprèmidi
KI KOTE: 

Jungle Island
1111 Parrot Jungle Trail
Miami, Florida 33132

POUKISA:

Lekòl Leta Miami-Dade County ap fè yon sosyal prentan atravè distri a pou elèv ki gen “Autism Spectrum Disorders (ASD)” (Pwoblèm Otis).  Yo atann apwoksimativman 450 elèv ki soti nan 16 lekòl segondè ap patisipe nan evènman an.  Sosyal prentan an ofri elèv avèk ASD opòtinite pou ale nan yon evènman “prom like” (tankou dans pou elèv k ap gradye) avèk kamarad yo.  Li ofri pwofesè opòtinite pou anseye ladrès sosyal ki apwopriye pandan elèv pratike ladrès sosyal sa yo nan yon kad ki amizan.  Evènman an antyèman finanse atravè donasyon patwonè.  Konsil Meksik la te bay sipò li nan evènman ki gen tèm fèt la, nan bay dekorasyon e “Mariachi Voces de América” te fè yon parèt.            

 

# # #

11-JJS/081/DF/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès