|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 19 me 2011 |
KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
YO AP ONORE CHÈF POLIS LEKÒL MIAMI-DADE, 20 ME
|
Chèf Charles J. Hurley, moun yo nonmen pou seremoni “Wall of Honor” (Miray pou Onore), Ofisye Polis Lekòl Miami-Dade County, ak kèk anplwaye biwo Distri yo
|
|
Plase Sant Jistis Jivenil nan “WALL OF HONOR” |
KILÈ: |
Vandredi 20 me 2011 a midi
|
KI KOTE: |
The Children’s Courthouse and Juvenile Justice Center
3300 N.W. 27th Avenue, 2nd Floor North Lobby
|
POUKISA: |
Chak ane, Jij Sant Jistis Jivenil Miami yo prezante seremoni "Wall of Honor" pou rekonèt moun ki bay bonjan kontribisyon a timoun nan sistèm jistis jinvenil ak sistèm asistans sosyal pou timoun. Chèf Polis Lekòl Miami-Dade Charles J. Hurley ap premye chèf polis yo plase nan “Wall of Honor” a
Chèf Charles J. Hurley bay gwo kontribisyon nan domèn sa yo:
• Ede kreye Pwogram Divèsite Sitasyon Sivil, kote yo devye jèn yo nan Sistèm Jistis Jivenil la
• Redui arestasyon jèn atravè Distri a plis pase 35 pousan espesyalman jèn minorite yo
• Fè “Truancy Sweeps” (Ranmase Elèv k ap Fè Woul) atravè county a, rekonekte jèn yo ak akademik, ki gen ladan ogmante gradyasyon nan lekòl segondè
• Entegre Sante Mantal ak Travay Sosyal nan depatman polis la pou jèn yo gen plis aksè a sèvis eksepsyonèl
• Kreye “Department’s Aggressive Driving Unit (ADU)” (Inite Kont Agresivite sou Volan) Depatman an pou pwoteje timoun nan Zòn Sekirite Lekòl e redui aksidan sikilasyon ki enplike timoun
• Ede rejenere “Gang Strike Force” (Fòs pou Kraze Gang) pou redui gang ak krim vyolan atravè county a
• Redui ensidan krim ak arestasyon jivenil pandan twa dènye ane yo
|
| KONTAKTE: |
Sèjan Ivan Silva, Ofisye Enfòmasyon Piblik, nan 305-757-7708. |
# # #
11-JS/082/HD/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |