POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 20 me 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

*** DIFIZYON FOTO ***

SANT M. A. MILAM K-8 SELEBRE JOU ENDEPANDANS KIBA

Milam

Nan foto a avèk Madan Perla Tabares Hantman, Chèmann Komisyon Lekòl Miami-Dade County, se yon gwoup elèv k ap patisipe nan selebrasyon 20 me, ki se jou Endepandans Kiba. Nan dat sa a, Kiba te sispann yon koloni e li te vin jwenn kominote repiblik demokratik lib nan Emisfè Lwès la. Depi uit dènye ane yo, Madan Hantman ap patwone selebrasyon dat istorik sa a nan Sant M.A. Milam K-8, ki kounye a anba direksyon direktris li, Anna M. Hernández.

 

###

11-JS/085/GC/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès