|
LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AK “UNITED TEACHERS OF DADE” ANTRE NAN YON AKÒ PWOVIZWA MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) ak “United Teachers of Dade (UTD)” (Sendika Pwofesè Dade) antre nan yon akò pwovizwa sou re-ouvèti kontra 2010-2011 ki gen ladan Pwogram Benefis Anplwaye 2011, pwovizyon pou rediksyon travayè, ak salè pap ogmante nan ane lekòl 2010-2011 la. Yo pral prezante akò pwovizwa a bay Komisyon Konsèy la pou apwobasyon li nan reyinyon 15 jen 2011 la si manm sendika UTD yo ratifye akò a anvan reyinyon Komisyon Konsèy Lekòl la. Akò pwovizwa a ofri benefis konpansasyon ki gen ladan asirans sante, ki kenbe yon opsyon asirans sante gratis pou anplwaye.
### 011-JJS/088/TR/RL
|