|
M-DCPS ONORE MEYÈ DIREKTÈ, ANPLWAYE POU ANE A MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) onore meyè anplwaye li yo nan yon seremoni li te fè 25 me nan Jungle Island. Sean E. Gallagan, direktè nan George T. Baker Aviation School te genyen pi gwo onè yo kòm Meyè Direktè pou Ane a nan Distri a. Gallagan te kòmanse karyè li nan Lekòl Leta Miami-Dade County an 1989 kòm pwofesè e li travay nan George T. Baker pou sis dènye ane yo. Msye. Gallagan se yon modèl nan Miami- Dade County nan aplike Pwogram “Florida’s Ready to Work” (Florid Pare pou L Travay) eta a ki bay elèv yon avantaj konpetitif. Objektif li se te amelyore to reyisit elèv, e li te aplike yon Laboratwa Enstriksyon Vokasyonèl Preparatwa pou l te fè sa sèlman. Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te prezante 7yèm Prim Anyèl Edikasyon pou Sèvis Egzanplè, ki rele, “The Eddies,” ki rekonèt gwo kontribisyon edikatè, anplwaye sipò ak administratè M-DCPS. Gayan yo, avèk lekòl yo, kategori yo, lekòl yo nan lis anba a: Meyè Direktè pou Ane a – Sean E. Gallagan, George T. Baker Aviation School Meyè Asistan Direktè pou Ane a – Martha C. Chang, Miami Edison Senior Meyè Anplwaye Biwo pou Ane a – Lisa M. Burke, Homestead Middle Meyè Parapwofesyonèl pou Ane a – Le’Verne Washington, Miami Coral Park Senior Meyè Anplwaye AFSCME pou Ane a – Jerome Baker, Miami Carol City
### 11-JJS/089/GC/CM
|