POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 26 me 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

 

LIV BOTANIK ELÈV PWODUI AP AN VANT NAN
JADEN BOTANIK “FAIRCHILD TROPICAL”

Elèv nan Klib Atis Botanik Lekòl Elemantè William Jennings Bryan pwodui yon liv ki dokimante plis pase 300 plant natif ak sa ki pa natif anplwaye agrikilti nan Jaden Botanik “Fairchild Tropical” bay e plante nan lekòl la. 

Liv la, “The ‘Greening’ of W.J. Bryan Museums Magnet Elementary School” (‘Mete Vèdi’ nan Magnèt Mize Lekòl Elemantè W.J. Bryan), elèv 6 a 11 zan nan lekòl la te kreye, e ki gen plis pase 20 desen ak lank ki kolore ki fèt sou papye achiv.  Chak papye gen ladan non syantifik ak non kouran plant la.

Liv la an vant nan boutik kado Fairchild pou $18. Jaden botanik la lokalize nan 10901 Old Cutler Road, Miami, FL 33156.

Finansman materyèl pou pwodui liv la te posib atravè yon don ki soti nan “Magnet Educational Choice Association, Inc.” Lajan yo fè nan liv la prale nan Lekòl Elemantè Bryan pou pwojè elèv yo nan lavni.

Magnèt mize a fòme patenarya solid avèk mize ki nan zòn lokal yo ak enstitisyon kiltirèl Miami-Dade County yo.  Edikatè mize yo travay kòtakòt ak pwofesè salklas yo, nan adaptasyon kourikoulòm ki baze sou estanda yo avèk objè e pwodui nan mize respektif yo ansanm ak vizite bilding istorik ak etablisman atravè county a.  Entegrasyon kourikoulòm sa a, ki santre premyèman sou enstriksyon objè ak pwojè, santre sou rezolisyon pwoblèm, kominikasyon, eksplorasyon, entèvansyon, ak ankèt atravè vizit kontinyèl nan mize ak patnè kiltirèl yo. 

Patnè mize Lekòl Elemantè Bryan yo se Coral Gables Museum, Dade Heritage Trust, Fairchild Tropical Botanic Garden, Haitian Heritage Museum, Historical Museum of Southern Florida, ak Museum of Contemporary Art.

Pou plis enfòmasyon, kontakte “Shop at Fairchild” nan 305-667-1651 x 3305 oubyen Pwofesè Anchaj Magnèt Lekòl Elemantè W. J. Bryan nan 305-891-0602.

 

###

11-JS/090/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès