POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 26 me 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV TWAZYÈM ANE M-DCPS KONTINYE PÈFÒME BYEN NAN FCAT,
MALGRE ESTANDA PI RIJID

MIAMI – Malgre nouvo estanda pi wo eta a enpoze, elèv trazyèm ane eskolè Miami-Dade kontinye ap pèfòme byen nan ‘‘Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT)’’, daprè rezilta ‘‘Florida Department of Education (FLDOE)’’ (Depatman Edikasyon Florid) pibliye jodi a.

Plis pase 27,000 elèv twazyèm ane eskolè Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) te patisipe nan administrasyon FCAT 2.0 Prentan 2011 la.  Anjeneral, elèv twazyèm ane eskolè fè nòt paralèl avèk eta a, ak 78 pousan elèv twazyèm ane eskolè Distri a fè gwo nòt nan matematik, e 67 pousan nan lekti.  Nòt elèv yo rete estab relativman malgre tranzisyon orijinal eta a nan ‘‘Sunshine State Standards’’ (Estanda Eta Florid) nan nouvo, pi rijid Pwochèn Jenerasyon Estanda Eta Florid la.

FLDOE te pibliye rezilta twazyèm ane eskolè alavans lòt nivo klas yo pou fasilite desizyon pou pwomosyon ki mande konsiderasyon rezilta FCAT la.  Rezilta FCAT 2.0 Lekti ak Matematik nan tout nivo Ane Eskolè ak Syans FCAT pou 5yèm, 8yèm ak 11yèm Ane Eskolè pwograme pou pibliye nan kòmansman mwa jen.

###

11-JS/091/TTR/SD

Retounen sou Nòt pou Laprès