POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 27 me 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN ALBERTO CARVALHO ANONSE PLAN PEMAN DAPRÈ PÈFÒMANS PWOFESÈ
PWOFESÈ PRAL KAPAB FÈ JISKA $100,000 OUBYEN PLIS

MIAMI – Sipèentandan Lekòl Miami-Dade yo Alberto M. Carvalho anonse jodi a yon plan peman daprè pèfòmans pwofesè, ki bay edikatè Miami-Dade yo posiblite pou yo fè jiska $100,000 oubyen plis.

Carvalho di, “Nan mitan kriz ekonomik nasyonal nou an, pandan distri lekòl atravè peyi a ap revoke pwofesè, Miami-Dade County pral premye distri lekòl nan eta a ki ap rekonpanse pwofesè pou pèfòmans yo”.  Eta a pa oblije distri lekòl yo aplike plan peman daprè pèfòmans yo jiska 2014.  Pwofesè yo ka jwenn rekonpans nan nivo tout yon lekòl, daprè sijè, e kòm yon pwofesè endividyèl.

Finansman pou plan peman daprè pèfòmans la, jiska $14 milyon ane sa a, ap soti nan yon don “Race to the Top” (Kous pou Antèt) Depatman Edikasyon Etazini an.  Carvalho te prezide Gwoup Travay Gouvènè a ki te devlope yon akò konpreyansyon ak yon bonjan aplikasyon ki te pèmèt Florid resevwa plis pase $700 milyon nan fon “Race to the Top”, ki te egal a $350 milyon pou distri lekòl atravè eta a.

Carvalho te siyen akò peman daprè pèfòmans la avèk Prezidan Sendika Pwofesè Dade yo Karen Aronowitz, ki te travay deprè avèk li nan sipòte efò distri a pou l genyen “Race to the Top”.

Nouvo travay anbisye sa a te jwenn sipò Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County, ki te kenbe angajman li trè fò pou salklas lokal yo.  Sipèentandan Carvalho te pwomèt, malgre rediksyon $108 milyon ki nan bidjè a ane pwochen an, distri a pap koupe nan ar, mizik, lang mondyal, oubyen edikasyon fizik.

 

 

###

11-JS/092/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès