POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 31 me 2011       

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

“THE ENGLISH CENTER” PRAL FÈ SEREMONI REKONESANS “MEET THE AUTHORS” (RANKONTRE EKRIVEN YO)     

KIYÈS: 

Anplwaye, elèv “The English Center,” ekriven ki renome ak manm kominote a ki enterese

KISA:

Seremoni Rekonesans “Meet the Authors” (Rankontre Ekriven yo)

KILÈ: 

Vandredi 3 jen 2011
10è dimaten

KI KOTE: 

The English Center
3501 S.W. 28th Street
Miami, FL 33133

POUKISA:

“Florida Literacy Coalition” (Kowalisyon nan Florid pou Alfabetizasyon)   pibliye yon liv pou bay elèv adilt yo opòtinite pou ranfòse konfyans nan tèt yo pandan y ap amelyore ladrès lekti, redaksyon ak panse kritik yo.  Yo ankouraje elèv adilt ki nan lekòl pou adilt, alfabetizasyon, pwogram ESOL ak alfabetizasyon pou fanmi atravè Florid, pou yo remèt redaksyon yo.  The English Center pral fè yon resepsyon ki rele “Meet the Authors” pou onore imajinasyon ak kreyativite elèv sa yo jan yo demontre sa nan redaksyon yo, ki reflete yon seri pèspektiv ak eksperyans lavi ki varye menm jan ak ekriven yo yomenm.  

KONTAKTE:

Isabel Solis nan isabels@dadeschools.net     

# # #

11-JS/094/GC/CM

 

Retounen sou Nòt pou Laprès