POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 2 jen 2011         

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS AP RESEVWA ÒDINATÈ IBM FÈ L KADO

KIYÈS: 
Ofisyèl Komisyon Konsèy Lekòl, anplwaye Lekòl Elemantè Orchard Villa, paran, elèv ak manm nan kominote a ki enterese
KISA:

IBM ap Fè Kado Teknoloji sou Enstriksyon Timoun Anbazaj pou Enspire Jèn Elèv

KILÈ: 

Madi 7 jen 2011
10è dimaten

                       
KI KOTE: 

Orchard Villa Elementary
5720 N.W. 13th Avenue, Room 131 (VPK Classroom)
Miami, FL 33142  

POUKISA:

Lekòl Leta Miami-Dade County pral resevwa yon don nan men IBM pou pwogram klas matènèl, ki vize timoun ant katran ak setan kòm yon pati nan pwogram “KidSmart” IBM nan.  IBM te devlope pwogram sa a an 1998 pou ede redui diferans konesans dijital, espesyalman nan zòn iben kote li vin sanble timoun ki sot nan fanmi ki gen mwens mwayen bezwen gen aksè a ekipman teknoloji espesyalize ak materyèl edikasyonèl pou prepare yo pi byen pou yo antre lekòl. Depi KidSmart te parèt, IBM fè kado plis pase 50,000 òdinatè nan lekòl ak òganizasyon ki pa la pou pwofi nan 60 peyi, ki sèvi plis pase 10 milyon elèv ak 100,000 pwofesè.  

KONTAKTE:

Rani Khanuja nan 305-693-3022.

# # #

11-JS/095/GC/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès