POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 6 jen 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV MIAMI-DADE BRIYE NAN PATI SYANS FCAT LA


Nòt elèv Lekòl Leta Miami-Dade County pou pati Syans “Florida Comprehensive Assessment Test” (Egzamen Konpreyansif Florid) amelyore anpil ane sa a, e yo depase ogmantasyon nan toulètwa nivo ane eskolè yo teste atravè eta a.  Anplis, ogmantasyon M-DCPS soti 2010 rive 2011 depase eta a ak distri ozalantou yo nan Lekti ak Syans. Pousantaj elèv M-DCPS ki fè gwo nòt nan nouvo pati Lekì FCAT 2.0 an 2011 te konparab ak pousantaj 2010 atravè tout nivo ane eskolè, menmjan ak nivo rezilta yo atravè eta a.

Sipèentandan Miami-Dade Alberto M. Carvalho di, “Li ankourajan pou wè elèv nou yo ap pwogrese nan Lekti ak Syans pi vit pase kamarad yo nan lòt county Sid Florid la, ansanm ak atravè eta a… Priyorite nou kounye a se kenbe dinamik sa a pandan nou ap avanse pou pi devan.”

Yo rapòte rezilta elèv yo pou nouvo pati Lekti FCAT 2.0 nan 3yèm a 10yèm Ane Eskolè e pati Matematik la nan 3yèm rive 8yèm Ane kòm egal ak “FCAT Equivalent Developmental Scale Scores (EDSS)” (Nòt Echèl Devlòpman Ekivalan FCAT) paske nivo nouvo echèl ak akonplisman FCAT 2.0 yo pap disponib jiska 2010-11.  Sepandan, yo rapòte rezilta elèv pou pati Matematik FCAT nan 10yèm ane eskolè ak pati Syans FCAT la pou 5yèm, 8yèm, ak 11yèm Ane Eskolè yo nan sèvi ak nivo echèl ak akonplisman tradisyonèl FCAT la. 

An jeneral, plis pase 230,000 elèv nan Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) te patisipe nan pran egzamen 2011 FCAT / FCAT 2.0 prentan an. 

Yo pral poste rezime konplè rapò Distri, Eta, ak lekòl yo, lè yo vin disponib sou paj Entènèt FLDOE a nan http://fcat.fldoe.org/mediapacket/2011/default.asp. Anplis, yon pwogram entè-aktif pral disponib nan http://fcat.fldoe.org/results/default.asp.  Ap gen enfòmasyon sou tranzisyon pou FCAT 2.0 e kijan li ka afekte elèv atravè eta a nan http://fcat.fldoe.org/, avèk enfòmasyon adisyonèl sou pwosesis bay nòt la nan Konprann Ràpo FCAT 2.0 yonan http://fcat.fldoe.org/fcat2/pdf/11ufrfinal.pdf.  Yo ap voye pake Rapò pou Elèv Endividyèl nan lekòl yo pou distribye bay paran.

 

###

11-JJS/097/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès