POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 7 jen 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ANBASADÈ PÒTIGAL AP VIZITE LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY

Dtè. Nuno Brito, Anbasadè Pòtigal nan Etazini, ap vizite Lekòl Leta Miami-Dade County jodi a.  Sipèentandan Alberto M. Carvalho, ki se yon natif peyi Pòtigal, ap akeyi anbasadè a a 12:30 nan aprèmidi nan sal 904 Bilding Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la.

Anviwon 1.5 milyon imigran ak desandan Pòtigè ap viv Ozetazini.  Anbasadè Brito Sijere pou Pòtigè yo kontinye travay nan tèt kole avèk moun ki sot nan lòt peyi atravè lemonn pou ranfòse enfliyans relasyon ak lòt pèp.   

Manm medya ki enterese patisipe dwe rele Biwo Relasyon Piblik nan 305-995-4638.

###

11/JS/098/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès