|
“FLORIDA MARLINS” FÈ ELÈV AK ANPLWAYE LEKÒL MIAMI - Òganizasyon “Florida Marlins” fè patenarya ak Lekòl Leta Miami-Dade County pou fè elèv ak anplwaye nan otan lekòl posib kado plis pase 50,000 tikè pou match nan jou y ap jwe. Patenarya sa a se rezilta yon reyinyon ant Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ak Prezidan Florida Marlins David Samson. Chak elèv oubyen anplwaye yo seleksyone pral resevwa kat tikè, ki gen ladan youn pou yomenm ak twa pou moun yo envite nan youn nan 15 match ki ap fèt sou teren “Florida Marlins” pandan sezon ete a, kòmanse 20 jen pou rive 25 out. Chak nan sis rejyon Distri a pral detèmine ki lekòl nan zòn yo ki pral resevwa tikè. Elèv ki fè pwogrè nan enstriksyon, ki amelyore prezans yo nan lekòl, ki demontre yo se bon sitwayen, ki gen non yo sou lis onè oubyen ki fè nòt nivo 3 oubyen pi wo nan FCAT la ap jwenn rekonpans ak tikè. Anplis, anplwaye ki fè yon gwo kontribisyon nan ane lekòl sa a ap resevwa tikè tou. Donasyon tikè sa yo fèt atravè “Florida Marlins” ak Inisyativ Kominotè Komisyonè “Major League Baseball” pou rekonpanse elèv ak anplwaye. Pou plis enfòmasyon, kontakte, Mark E. Zaher, Direktè Distri/Fonksyònman Lekòl yo, nan 305-995-2710. ### 11-JS/099/HD/SD
|