POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 8 jen 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

REZILTA ALJÈB 1 EOC YO MONTRE ELÈV M-DCPS KONTINYE AP FÈ PWOGRÈ

MIAMI – An jeneral 28 pousan elèv lekòl mwayen ak segondè Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) ki te patisipe nan Evalyasyon “Florida Algebra 1 End-of-Course (EOC)” (Fen Kou Aljèb Florid) nan prentan 2011 la te fè gwo nòt, selon rezilta “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) pibliye jodi a. Gen twa nivo kote elèv ka fè nòt: Ba (1), Mwayen (2), ak Wo (3). Nan Miami-Dade, 28,066 elèv te patisipe nan Aljèb I EOC, avèk 28 pousan elèv ki fè nòt nan twazyèm oubyen nan nivo wo a.

Yo note gran pwen rezilta adisyonèl M-DCPS anba a:

  • Majorite elèv lekòl mwayen M-DCPS ki pran Aljèb 1 nan yon nivo akselere, te fè pi gwo nòt nan twazyèm nivo Aljèb 1 EOC, lè yo konpare yo ak tout elèv yo teste atravè eta a.
  • Swazannsenk pousan elèv 7yèm ane eskolè nan M-DCPS yo te fè pi gwo nòt nan twazyèm nivo a.
  • Senkant nèf pousan elèv 8yèm ane eskolè M-DCPS te fè pi gwo nòt nan twazyèm nivo a.
  • Swazannkat pousan tout elèv nevyèm ane eskolè te patisipe nan evalyasyon an avèk 48 pousan ki te fè pi gwo nòt nan twazyèm nivo a.

Yo pral etabli yon nouvo echèl Aljèb 1 EOC nan otòn sa a ki pral sèvi nan ane k ap vin apre yo e ki pral tounen nouvo estanda pou responsablite lekòl. Kòmanse avèk elèv ki ap antre nan 9yèm ane eskolè pou ane lekòl 2011-2012 la, tout elèv ki anwole nan Aljèb 1 oubyen yon kou ekivalan dwe fè yon nòt reyisit nan Evalyasyon Aljèb 1 EOC pou yo ka jwenn kredi pou kou a, kòm egzijans pou satisfè demand gradyasyon yo.

 

 

###

11-JS/101/TTR/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès