POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 9 jen 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV NAN LEKÒL SEGONDÈ M-DCPS AP RESEVWA BOUS ETID NAN MEN
“FORD MOTOR COMPANY”

Yo ap onore gayan bous etid yo nan 17yèm Repa Midi Anyèl ann Omaj ak Prim Bous pou Edikasyon nan Sant Graham nan FIU 11 jen

MIAMI – Yo ap onore e rekonèt san karant elèv segondè k ap resevwa bous etid pou kolèj yo nan 17yèm Repa Midi Anyèl ann Omaj ak Prim Bous pou Edikasyon samdi 11 jen nan Sal Dans Sant Graham nan Florida International University soti midi rive 3è nan aprèmidi. Elèv yo te aplike nan youn nan kat kategori prensipal, ki gen ladan: Atletik, Ar (Redaksyon ak Lekti/Lang Etranje e Ar Pèfòmans/Vizyèl), Direksyon/Sèvis ak Syans e Syans (Matematik/Syans Òdinatè ak Syans Natirèl). Yon Komite Bous Etid ki konpoze ak lidè kominotè, sivik ak edikasyonèl te ansuit jije aplikasyon yo e li te chwazi 70 gayan ki soti nan Miami-Dade County ak yon lòt 70 gayan ki soti nan Broward County.  Chak nan 140 gayan bous etid yo pral resevwa tou yon òdinatè pòtab tounèf.

Omaj pou Education, Inc., yon pwogram bous etid South Florida Ford ak konsesyonè machin Lincoln kreye e finanse, bay plis pase 3,400 elèv lekòl segondè leta ak prive ki gen merit, plis pase $3.5 milyon nan bous etid pou elèv lekòl segondè nan toude, Miami-Dade County ak Broward County depi li te fonde an 1994. 
Omaj pou Education, Inc. se yon òganizasyon ki pa la pou pwofi ki jwenn fon atravè kontribisyon konsesyonè ak sipò kòporasyon nan men Ford Division, Lincoln Division, Ford Credit ak Ford Customer Service Division. Patisipasyon volontè kominotè se yon pati entegral siksè kanpay la.

 

###

11-JJS/102/GC/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès