|
YO REKONÈT PWOGRAM MAGNÈT MIZE LEKÒL MWAYEN SHENANDOAH MIAMI – Resamman yo te nonmen Pwogram Magnèt Mize Lekòl Mwayen Shenandoah gayan dezyèm plas nan konpetisyon desen kominotè prestijye “Smithsonian’s Cooper-Hewitt, National Design Meseum”. Konpetisyon an, yon patenarya avèk “Ford Motor Co. Fund”, ankouraje elèv pou yo jwenn yon solisyon desen pou yon kesyon oubyen yon sousi kominotè. Li ouvri pou elèv Chicago, San Antonio ak San Diego, kote pwofesè elèv yo te ale nan pwogram devlòpman pwofesyonèl “Cooper-Hewitt’s A City of Neighborhoods” ak “Smithsonian Design Institute”. Kat elèv uityèm ane eskolè ki soti nan Pwogram Magnèt Mize Lekòl Mwayen Shenandoah te kreye yon “Pet Waste Station” (Depo pou Eskreman Bèt) pou adrese kesyon eskreman chen toupre twotwa lekòl yo a. Pwojè a gen ladan edike vwazen yo sou efè danjere eskreman chen ansanm ak distribye bwochi, enstale bwat dechè ak siy. Elèv yo te genyen $3,000 pou ide yo a. “Smithsonian’s Cooper Hewitt, National Design Museum” se sèl mize Ameriken ki dedye pou desen istorik ak kontanporen. Pwogram Devlòpman Pwofesyonèl Cooper-Hewitt yo anseye edikatè pwosesis desen an pandan li ap aksantye sou panse kritik, edikasyon vizyèl, rezoud pwoblèm, e travay ann ekip.
### 11-JS/104/DF/RL
|