|
CHÈF POLIS LEKÒL MIAMI-DADE COUNTY ANTRE NAN KANPAY NASYONAL JOUNEN “ASK” (POZE KESYON) 21 JEN AN Madi 21 jen 2011, òganizasyon ak endividi atravè peyi a pral selebre Jounen Nasyonal “ASK (Asking Saves Kids)” (Poze Kesyon Sove Timoun). Chak ane, Jounen ASK fèt nan premye jou ete, yon moman nan ane a kote timoun jwe pi souvan nan lòt kay. Jounen ASK raple paran enpòtans pou yo mande si gen zam nan kay kote pitit yo ap jwe. Chèf Polis Lekòl Miami-Dade, Charles J. Hurley, antre nan kanpay sa a paske pasyon li se difize enfòmasyon bay elèv, paran, ak kominote Miami-Dade County sou sekirite zam. Chèf Hurley di, “Pandan enstriksyon timoun fèt nòmalman lè klòch sonnen pou antre e lage lekòl, pwoteje jèn nou yo pa janm sispann... Gen yon seri danje timoun ap konfwonte pandan ete a lè y ap vizite lòt kay ak lòt rezidans; nou bezwen konnen risk sa yo pou nou ka pwoteje yo.” Nan pase tan avèk zanmi, timoun ka enplike nan sitiyasyon nou ka montre yo evite. Kanpay ASK la ede nou konprann menas sa yo e ofri opsyon pou nou pran swen timoun nou yo. Akote revolvè ak zam, gen danje timoun ka ekspoze ak yo: kabinè medikaman avèk medikaman doktè preskri, pisin san kloti (baryè) sekirite oubyen sipèvizyon adilt; chofè distrè ki kapab mete lavi timoun yo an danje pandan y ap monte bisiklèt, monte paten, oubyen mache, ak anpil lòt danje. Paran ka patisipe nan itilize yon estrateji byen senp―POZE KESYON. Kanpay “Asking Saves Kids” ankouraje paran pou yo poze lòt paran kesyon, e pitit yo tou pou yo ede kenbe timoun yo ansekirite. Pou plis enfòmasyon, oubyen pou patisipe nan Jounen ASK, voye yon lèt elektwonik nan ask@paxusa.org, oubyen vizite http://police.dadeschools.net.
### 11/JS/105/GC/CM
|