POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 16 jen 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ENVESTIGASYON DEPATMAN POLIS LEKÒL MIAMI-DADE ABOUTI A ARESTASYON YON PWOPRIYETÈ KLINIK E YON ANPLWAYE DISTRI

Yon envestigasyon estratejik plizyè ajans, anba direksyon Depatman Polis Lekòl Miami-Dade, abouti ak egzekisyon yon manda pou fè fouy nan yon klinik medikal lokal e arestasyon pwopriyetè klinik la. Yo arete pwopriyetè a sou plizyè akizasyon move tranzaksyon ak pasyan.

Alberto M. Carvalho, Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County di, “Pi gwo ensilt pou elèv, pwofesè ak moun k ap peye taks se moun ki eksplwate anplwaye nou yo e detounen lajan distri lekòl nou an…  Se poutèt sa nou fè envestigasyon an ki abouti a arestasyon sa yo”.

Klinik la twonpe Distri a ki ap dirije pwòp plan asirans sante pou anplwaye li yo. Sa rive nan yon moman kote Distri a ap pase yon kriz bidjetè e rediksyon nan edikasyon piblik. Lapolis chaje omwen de (2) anplwaye Distri.  Plis arestasyon gen pou fèt toujou pandan envestigasyon an ap kontinye.

Si w gen kesyon, silvouplè kontakte Chèf Charles Hurley, Chèf Polis ak Sekirite Distri, Depatman Polis Lekòl Miami-Dade nan 305-757-7708.
   

###

11/JS/108/GC/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès