POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 22 jen 2011     

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS AP FÈ “OPEN HOUSE” (JOUNEN VIZIT) MAST@ JOSÉ MARTÍ MIDDLE

KIYÈS: 

Administratè M-DCPS, anplwaye MAST @ José Martí Middle School, elèv, paran ak sitwayen enterese

KISA:

“Open House” (Jounen Vizit) MAST @ José Martí Middle School

KILÈ: 

Jedi 23 jen a 6:30 diswa             

KI KOTE: 

José Martí Middle School
5701 West 24th Avenue
Hialeah, FL 33016 

POUKISA:

Akademi Teknoloji Matematik ak Syans 6-12 José Martí (MAST Academy) ap resevwa aplikasyon kounye a pou elèv k ap antre nan 6yèm ak 9yèm ane eskolè. Yo ap ekspoze elèv yo a panse kritik atravè gwo etid sou nati syans, matematik ak teknoloji. Youn nan lekòl chwa magnèt konplè ki pi nèf Lekòl Leta Miami-Dade County yo, lekòl sa a pral ofri kominote a ak elèv yo inovasyon avanse ak yon estrikti 6yèm a 12yèm ane eskolè modèn. Lekòl la pral fè yon “Open House” (Jounen Vizit) pou reponn kesyon e aksepte aplikasyon pou pwogram nan. W ap jwenn plis enfòmasyon disponib nan http://martimiddle.dadeschools.net/mast oubyen nan rele 305-557-5931.

 

 

# # #

11-JJS/110/GC/RL

Retounen sou Nòt pou Laprès