POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 22 jen 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

UIT LEKÒL M-DCPS NAN LIS NEWSWEEK “MEYÈ LEKÒL SEGONGÈ ETAZINI”
 POU ANE 2011 LA

MIAMI – Uit lekòl segondè leta Miami-Dade fè chemen yo pou rive nan lis 500 Meyè Lekòl Segondè Ozetazini nan magazin Newsweek.  Yon total 43 lekòl nan Florid nan lis prestijye sa a, yo te difize semèn sa a.

Nan tèt lis la daprè klasman lekòl segondè Miami-Dade genyen School for Advanced Studies (28), MAST Academy (46), Coral Reef (53), Miami Palmetto (251), Doctors Charter (374), Mater Academy Charter (404), Mater Lakes Academy (427), and Doral Academy Charter (456).

Newsweek, ki ap klase lekòl segondè Etazini ki antèt yo depi plis pase yon deseni, te renove metodoloji li a pou 2011.  Nouvo kritè yo gen sis eleman ladan: pousantaj gradyasyon, pousantaj anwolman nan kolèj, ak egzamen AP yo bay chak gradye, plis nòt mwayèn SAT/ACT, nòt mwayèn AP/IB, ak kou AP yo ofri pou chak elèv ki gradye.

Yo te analize yon total 1,100 lekòl pou pwodui lis final 500 lekòl segondè ki antèt yo.  Pou yon lis konplè lekòl yo, vizite paj Entènèt Newsweek nan:
www.newsweek.com/content/newsweek/2011/06/19/the-best-high-schools-in-america.html

 

###

11-JS/111/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès