|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 23 avril 2011 |
KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
AKADEMI PARAN M-DCPS AP PREZANTE
“GOING, GOING, GREEN!”
|
“Going, Going, GREEN!” (pwoteje anviwònman an) – YON AKTIVITE APRANTISAJ GRATIS POU FANMI |
KILÈ: |
Samdi 25 jen
Midi – 6è diswa
|
KI KOTE: |
Miami Science Museum
3280 South Miami Avenue
Miami, FL 33129
|
POUKISA: |
Pou bay paran ak timoun tout laj enfòmasyon ak eksperyans aprantisaj pratik ki fèt pou ogmante konesans moun sou anviwònman san parèy Sid Florid ki toupre zòn twopik la e pou gide fanmi yo nan pran yon wòl aktif pou konsève, kenbe e agrandi resous natirèl rejyon nou an.
Evènman an pral ofri aktivite edikasyonèl ak resous pou pwomote matematik, syans ak ladrès lekti. Pami aktivite yo gen klas “Eco Art”, pwofesè ar M-DCPS ki soti nan Asosyasyon Edikatè Ar nan Dade anseye, yon atelye sou Konsèvasyon Dlo Lapli nan Barik, Ekstansyon Koperativ “University of Florida” anseye, ak yon atelye sou Devlopman Plant, “BioPlanet USA” anseye. Timoun yo ap plante semans e y ap jwenn jèn plant pou pote lakay yo, e ap gen prim y ap distribye nan pòt la.
|
| KONTAKTE: |
Barbara Biggart, Pwofesè/Konseye, Akademi Paran An, nan 305-995-7326 oubyen atravè lèt elektwonik nan bbiggart@dadeschools.net. |
# # #
10-JS/112/HD/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |