POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 24 jen 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV FLORID RESEVWA NOUVÈL ANKOURAJAN

MIAMI- Elèv, paran, pwofesè ak administratè Florid resevwa nouvèl ankourajan yè konsènan rezilta “National Assessment of Educational Progress (NAEP)” (Evalyasyon Nasyonal sou Powgrè Edikasyonèl). Selon rapò Depatman Edikasyon Etazini difize jodi a ki analize de (2) deseni enfòmasyon sou NAEP konsènan eka akonplisman ant elèv Ispanik ak elèv blan, Florid se te sèl eta avèk yon popilasyon enpozan, melanje ki deklare li gen yon eka ki pi piti pase eka nasyonal la nan toude, lekti ak matematik nan 4yèm ak 8yèm ane eskolè.

Sipèentandan lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Elèv nou yo kontinye simonte gwo obstak ki anpeche yo avanse akademikman…  Malgre nivo povrete a wo ak lang ki diferan, elèv Miami-Dade yo depase pèfòmans elèv nan lòt gwo zòn iben yo. Siksè sa a demontre abilite pwofesè, elèv, paran ak kominote nou an pou yo konble eka a e kontinye ale pi lwen sou wout siksè akademik la.” Carvalho pral nouvo prezidan “Association of Latino (Hispanic) Administrators and Superintendents (ALAS)” (Asosyasyon Administratè ak Sipèentandan Latino (Ispanik).  ALAS ouvri pòt pou edikasyon jèn Ispanik yo nan peyi a.

Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) reprezante 13 pousan popilasyon elèv nan Florid. Elèv M-DCPS te patisipe kòm pati echantiyon NAEP Florid la depi plizyè ane. Nan ane inogirasyon li kòm yon patisipan nan “NAEP Trial Urban District Assessment (TUDA)” (Esè NAEP nan Evalyasyon Distri) a, M-DCPS te pèfòme trè byen an konparezon dirèk avèk gwo distri iben ki gen defi sanblab. Rès eka pami elèv blan ak Latino peyi a te rete an plas pou de dènye deseni yo, jan eka nasyonal la demontre nan Matematik 4yèm ane eskolè a 21 pwen, Matematik 8yèm ane eskolè a 26 pwen, Lekti 4yèm ane eskolè a 25 pwen e Lekti 8yèm ane eskolè a 24 pwen. An konparezon, elèv nan Florid yo ranpli eka a plis pase 50 pousan avèk akonplisman nan Matematik 4yèm ane eskolè a 12 pwen, Matematik 8yèm ane eskolè a 15 pwen, Lekti 4yèm ane eskolè a 10 pwen, Lekti 8yèm ane eskolè a 11 pwen. Elèv Ispanik M-DCPS, an patikilye, fè nòt remakab nan toulètwa matyè ki gen ladan Lekti, Matematik ak Syans – ki mete nòt yo pi wo nòt kamarad yo menm nan echantiyon nasyonal elèv lekòl leta an jeneral.

 

 

###

11-JJS/113/RAM/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès