|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 28 jen 2011 |
KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
LEKÒL AVYASYON BAKER PRAL RESEVWA DONASYON YON AVYON 737 A MINUI
|
Ofisyèl ak elèv Lekòl George T. Baker Aviation, Munilla Construction Management, Allegiance Crane, Commercial Jet ak ofisyèl Depatman Miami-Dade ak lòt
|
|
Donasyon Avyon |
KILÈ: |
Madi 28 jen 2011, vè minui
|
KI KOTE: |
Le Jeune Road ak N.W. 31st Street |
POUKISA: |
Yo ap fè donasyon “Boeing” 737 la gras a efò ak kowòdinasyon Benny F. Benitez, Fondatè e Ofisye Egzekitif Anchèf 94yèm “Aero Claims-Aviation Consultant Group” nan Miami, Florid nan men kliyan yo “Freeman Leasing, LLC.”
Yon transpòtè 500-tòn, pral pran avyon 737 la, soulve li anlè State Road 112 e plase li sou Le Jeune Road. Se la, yon remòkè avyon, ki soti nan “Commercial Jet”, pral rale avyon 737 la pou mete li nan lekòl la. Se dezyèm donasyon avyon yo fè Baker. An me 2010, American Airlines te ba li yon MD-80.
|
KONTAKTE: |
Dtè. Sean Gallagan, Direktè Baker Aviation, nan 786-402-9113. |
NOTE: |
Y ap pèmèt medya yo gade soulèvman avyon an nan kwen Le Jeune N.W. 31st Street. Silvouplè note medya dwe an plas avan 11è diswa. Medya yo ap resevwa kat idantifikasyon lè yo rive. Silvouplè, idantifye konpayi w la pou w ka jwenn kat idantifikasyon an. |
# # #
11/JS/114/GC/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |