|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 30 jen 2011 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
MALGRE ESTANDA RIGOURE, PỀFÒMANS
LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY BRIYE
MIAMI – Jodi a Depatman Edikasyon Florid pibliye Nòt Pèfòmans Lekòl pou lekòl elemantè, Sant K-8, lekòl mwayen, ak uit lekòl segondè. Lekòl nan Miami-Dade County resevwa plis nòt “A” ak “B” malgre defi espesyal distri sa a konfwonte, yon rediksyon nan finansman, nouvo estanda, ak yon evalyasyon ki egal ak nòt pi rigoure yo.
An jeneral pèfòmans Lekòl Leta Miami-Dade County te amelyore soti 2009-10 rive 2010-11. Gran liy yo gen ladan:
- Kantite lekòl ki resevwa Nòt Pèfòmans Lekòl “A” ak “B” ogmante, e kantite ki resevwa yon nòt “F” desann an 2010-11.
- Kantite lekòl ki resevwa nòt “F” nan Lekòl Leta Miami-Dade County te redui a 50%. Kantite lekòl atravè eta a ki resevwa yon “F” te redui sèlman a 35%.
- Mwenske yon pousan lekòl tradisyonèl M-DCPS resevwa Nòt Pèfòmans Lekòl “F”, an konparezon ak twa pousan lekòl “charter” yo
- Plis pase 82 pousan tout lekòl nan distri a te amelyore oubyen te kenbe Nòt Lekòl yo pou 2011.
- 80 pousan lekòl segondè Distri a te resevwa pwen konpozan-FCAT nan nivo ki pi wo yo itilize pou determine kondisyon DA.
Rezilta nòt pèfòmans lekòl yo disponib sou paj Entènèt Distri a nan: http://oada.dadeschools.net.
###
11-JS/117/GC/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |