POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 6 jiye 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS AP RESEVWA DEPATMAN EDIKASYON PÒTORIKO 6-8 JIYÈ

MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County ap resevwa yon delegasyon ki soti nan
“Puerto-Rico Department of Education (PRDE)” (Depatman Edikasyon Pòtoriko) pou
yon vizit twa jou ki ap kòmanse mèkredi 6 jiyè.  Delegasyon an vin chèche konnen
fason Distri a òganize e fason li fonksyone, yo vle angaje konvèsasyon tou sou fason yo ka
amelyore lekòl yo.  Depatman Edikasyon Pòtoriko chwazi M-DCPS poutèt inovasyon
edikasyonèl li avèk kapasite l pou li ogmante akonplisman lakay elèv ki an difikilte yo
pandan anmenmtan l ap ba yo opòtinite pou yo akselere e avanse nan nivo pèfòmans
elèv ki pi avanse li yo pandan l ap fè fas ak gwo pwoblèm ekonomik e responsablite ki
ap ogmante.  

Delegasyon an, ki gen ladan Sekretè Edikasyon Pòtoriko Dtè. Jésus Sanchez Rivera
ak Sou-Sekretè Edikasyon Dtè. Grisel Muñoz, pami lòt edikatè, pral tande enfòmasyon
konsènan Biwo Transfòmasyon Edikasyonèl Distri a, Amelyorasyon Lekòl, Sistèm Done,
Devlopman Pwofesyonèl, Resous Imen, ak Edikasyon Espesyal.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Nou trè kontan resevwa delegasyon sa a
ki soti Pòtoriko pou nou pataje avèk yo meyè pratik nou yo,... patikilyèman sa ki gen
rapò avèk transfòmasyon lekòl ki gen pèfòmans ba yo e ofri yon bon kalite edikasyon
nan yon anviwònman iben ki konplèks.”

 

###

11/JS/118/HD/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès