POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 20 jiyè 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

PWOGRAM ASISTANS KOLÈJ AP FÈ DON BOUS ETID, 26 JIYÈ

Plis pase 300 elèv “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) prale nan Biltmore Hotel’s Country Club Ballroom a 7:00 diswa madi 26 jiyè, pou yo resevwa don “dènye dola” “College Assistance Program (CAP), Inc.” (Pwogram Asistans Kolèj) pou ale nan kolèj. Otèl Biltmore la lokalize nan 1200 Anastasia Ave., nan Coral Gables.

Mark Trowbridge, Prezidan ak Ofisye Egzekitif Anchèf Chanm Komès Coral Gables pral Mèt Seremoni pou evènman sa a ki tounen yon tradisyon nan milye edikasyonèl yo. Dènye, prezan ak fiti moun ki resevwa CAP yo pral prezante Diskou Prensipal la nan bay pwòp istwa yo nan kèlke mo. 

Manm Komisyon Konsèy ki sèvi pi lontan G. Holmes Braddock, an kolaborasyon avèk Divizyon Sèvis Elèv M-DCPS e Fondasyon Miami te fonde CAP, Inc., ki se yon òganizasyon ki pa la pou pwofi ki dedye pou asiste divès gradye miltikiltirèl, ki pa gen gwo mwayen nan M-DCPS, ki epwize tout mwayen asistans finansye ki disponib.  CAP, Inc. pèmèt yo ale nan kolèj yo chwazi atravè don asistans “dènye dola”.

Depi 1979, CAP, Inc. ap travay an kolaborasyon avèk M-DCPS pou ofri plizyè milyon dola nan bous etid pou elèv. Atravè ane yo, plis pase 10,000 elèv resevwa plis pase $11 milyon.

Pous plis enfòmasyon, silvouplè kontakte Deborah A. Montilla, Direktris Distri, Divizyon Sèvis Elèv nan 305-995-7324.

 

###

11-JS/119/GC/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès