|
SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO PRAL FÈ YON PREZANTASYON KONVENKAN POU LEKÒL SEGONDÈ MIAMI CENTRAL AK MIAMI EDISON, Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho pral fè yon prezantasyon konvenkan konsènan avni Lekòl Elemantè Holmes ak lekòl segondè Miami Edison ak Miami Central nan reyinyon Konsèy Edikasyon Florid nan Tampa, madi 19 jiyè. Baze sou Plan Responsablite Espesyal Florid ak Lwa Florid 1008.33, lekòl sa yo ap fè fas a konsekans grav kounye a paske yo pat soti nan kondisyon “Entèvansyon”, malgre yo kontinye ap amelyore e fè nòt responsablite “C”. Carvalho di, “Fèmen lekòl nou yo se pa yon opsyon… Ekip nou an prale Tampa pou fè yon prezantasyon global sou rezon ki fè Konsèy Edikasyon Florid ta dwe sipòte apèl nou yo. Mwen sèlman favorize kontinyasyon plan amelyorasyon aktyèl nou an avèk kèk amelyorasyon pou adrese kote nou bese.” Malgre estanda pi konplèks ane dènye yo, ansanm ak yon egzamen matematik sou òdinatè e yon pi wo nivo konpetans nan redaksyon, yo pwojte Miami Edison ak Miami Central ap resevwa yon nòt responsablite nan pèfòmans “D” an 2011. Lekòl Elemantè Holmes kenbe yon nòt “C” pandan twazan konsekitif e yo ka apwouve apèl li a. Yo te remèt Depatman Edikasyon lèt apèl pou twa lekòl yo 5 jiyè 2011. Selon limit li, Konsèy Edikasyon Eta a gen otorite pou l rekomande kat opsyon pou chak lekòl: 1) fèmen lekòl la; 2) fè l tounen yon lekòl “charter”; 3) anplwaye yon konpayi jesyon prive pou jere lekòl la; oubyen 4) apwouve apèl lekòl la e pèmèt distri a kontinye egzekite pwosesis amelyorasyon aktyèl li a. Lekòl Segondè Miami Edison ak Miami Central fè gwo pwogrè nan ane resan yo:
# # # 11-JJS/121/RL |