POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 13 jiyé 2011         

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

KOMISYON KONSÈY LEKÒL MIAMI-DADE AP KONSIDERE
REDIKSYON NAN TAKS

Nan reyinyon Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County, Florid, Komisyon Konsèy la ap konsidere yon pwopozisyon Sipèentandan Alberto M. Carvalho fè pou diminye nivo “millage” (yon pousantaj yo pran sou taks pwopriyete) pou ane finansyè 2011-2012 la.

Pwopozison pou redui “millage” la ap lakoz yon rediksyon de (2) pousan nan kantite total taks yo kolekte.

Bidjè distri lekòl la pwopoze pou ane k ap vini an ap egal a $3.9 milya, yon rediksyon plis pase $435 milyon pa rapò ak ane dènye, e yon rediksyon $1.6 milya pa rapò ak 2008-2009.

Msye. Carvalho di, “Bidjè ane sa a sèvi elèv nou yo nan pwoteje pwogram edikasyonèl…  Li asire sekirite pwofesè a plentan nou yo tou e li respekte moun k ap peye taks nan county nou an.”

Pwopozisyon bidjè 2011-2012 la pwoteje pozisyon pwofesè yo, e yo pa planifye ranvwaye okenn pwofesè a plentan pou rezon ekonomik.   Anplis, bidjè a establize nivo kredi a; li pa ogmante taks oubyen total “millage” la; e li gen ladan fon pou pwolonje pwogram inovatif ak chwa lekòl.  Akonplisman sa yo te posib malgre yon rediksyon $210 milyon nan revni an ak plizyè gwo ogmantasyon nan pri /chanjman ki gen landan ogmantasyon nan enskripsyon pou lekòl “charter”, ogmantasyon nan pri asirans sante; diskontinyasyon fon “stimulus” (lajan pou estimile ekonomi an) anba “American Recovery and Reinvestment Act of 2009” (Akò Ameriken 2009 pou Retablisman ak Re-envestisman); e yon demand pou anplwaye kontribye omwen twa pousan nan salè yo pou pansyon yo, ki lakoz Fon Jeneral distri a ekonomize $93.2 milyon.

Komisyon Konsèy Lekòl la pat enpoze yon “.25 mill” (pousantaj sou chak santim taks) ki opsyonèl nan taks diskresyonè lokal ane dènye, e Sipèentandan an pap rekòmande taks sa a pou ane ki ap vini an.

# # #

11-JJS/122/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès