|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 15 jiyè 2011 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
SIPÈENTANDAN CARVALHO APLODI DESIZYON POU ONORE APÈL POU LEKÒL SEGONDÈ MIAMI EDISON, MIAMI CENTRAL, AK LEKÒL ELEMANTÈ HOLMES
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho aplodi desizyon Komisyonè Edikasyon Pwovizwa John Wynn pou dispanse Lekòl Segondè Miami Edison, Miami Central, ak Lekòl Elemantè Holmes, ki pèmèt yo kontinye kòm lekòl leta tradisyonèl.
Carvalho di, “Sa se yon gwo viktwa pou elèv nou yo ak kominote nou an… Lekòl sa yo ap kontinye pwogrese e reyisi nan benefis timoun nou yo… Nou rekonesan a kominote a, e ofysyèl federal ak eta yo ki te priyorize kesyon sa a e ki te bay sipò yo pou sa rive fèt… Komisyonè Pwovizwa a pran yon desizyon entèlijan nan pèmèt lekòl sa yo ale pou pi devan.”
Lekòl Elemantè Holmes kenbe yon nòt “C” pandan twazan konsekitif. Toude Lekòl Segondè yo, Miami Edison ak Miami Central, te avanse soti yon nòt “F” rive yon nòt “C” ane sa a.
- Nan Lekòl Segondè Miami Edison, yo pwojte nivo gradyasyon an ap ogmante a 72 pousan pou ane pase, ki se yon ogmantasyon 23 pwen de sèlman dezan desa. Depi 2003, kapasite nan lekti amelyore 10 pwen soti 5 rive 15 pousan; kapasite nan matematik amelyore 28 pwen soti 13 pousan rive 41 pousan; e kapasite nan syans amelyore soti 10 pousan rive 22 pousan depi 2006-2007. Anplis, pousantaj elèv ki patisipe nan kou akselere ogmante de 26 pwen pousantaj nan dezan soti 19 pousan rive 45 pousan. Nan dezan, pousantaj elèv yo konsidere ki prepare pou lekti kolèj ogmante a 32 pwen pousantaj soti 38 pousan rive 70 pousan.
- Nan Lekòl Segondè Miami Central, depi yo te idantifye li kòm yon lekòl ki bezwen entèvansyon an 2008, kapasite nan lekti amelyore 3 pousan e kapasite nan matematik amelyore 9 pousan. Depi 2003, kapasite nan matematik amelyore 24 pwen soti 23 pousan rive 47 pousan. Non sèlman gen plis elèv ki patisipe nan kou akselere nan Lekòl Segondè Miami Central men yo ap avanse nan nivo ki pi wo. An 2008-2009, sèlman 11 pousan elèv ki te enskri nan kou akselere te pase. An 2010-2011, yo atann 69 pousan elèv pase nan kou sa yo. Yo pwojte tou preparasyon pou lekti kolèj ogmante soti 56 pousan an 2009-2010 rive 77 pousan an 2010-2011.
###
11-JJS/126/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |