|
KONSÈY EDIKASYON ETA A APWOUVE DISPANSE LEKÒL SEGONDÈ MIAMI EDISON, MIAMI CENTRAL, AK LEKÒL SEGONDÈ HOLMES Konsèy Edikasyon Florid apwouve dispanse Lekòl Segondè Miami Edison, Miami Central, ak Lekòl Elemantè Holmes nan reyinyon li a maten an nan Tampa, ki pèmèt lekòl yo kontinye pwogrese akademikman kòm lekòl leta tradisyonèl anba direksyon distri lekòl Miami-Dade. Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Konsèy la pran yon trè bon desizyon nan rekonèt pwogrè lekòl sa yo fè e ba yo opòtinite pou kontinye siksè yo… Sa se yon gwo viktwa pou kominote nou an.” Semèn dènye, yo te menase fèmen lekòl yo, konvèti yo vin lekòl “charter”, oubyen yon konpayi jesyon prive pran yo, daprè lwa eta a, paske yo pat ka soti nan kondisyon “Entèvansyon”. Ofisyèl Federal ak Eta, ansanm ak manm nan kominote a, te priyorize sou kesyon an, e Komisyonè Edikasyon Pwovizwa a te fè yon rekòmandasyon modifye pou kenben lekòl yo ouvè. Konsèy la kolektivman dakò tou sou pwosesis pou lekòl yo soti nan kondisyon “Entèvansyon” an bezwen chanjman. Lekòl Elemantè Holmes kenbe yon nòt “C” pandan twazan konsekitif. Toude Lekòl Segondè yo, Miami Edison ak Miami Central, te avanse soti yon nòt “F” rive yon nòt “C” ane sa a.
### 11-JJS/127/RL
|