|
KOMISYONÈ EDIKASYON AN APWOUVE LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY KÒM YON BENEFISYÈ DON “RACE TO THE TOP ASSESSMENT” MIAMI – Komisyonè Edikasyon Pwovizwa, Doktè John L. Winn, apwouve Lekòl Leta Miami-Dade kòm benefisyè don pou de (2) sou sèt don “Race to the Top Assessment” (Evalyasyon Kous pou Antèt) pou devlope evalyasyon ak eleman evalyasyon pou matyè ki difisil pou mezire, tankou edikasyon ar vizyèl e fizik ak sante pou elèv klas jadendanfan rive uityèm ane eskolè. Yo mande chak distri, ki gen ladan Miami-Dade, pou yo soumèt yon bidjè revize e yon pwopozisyon amande ki baze sou bidjè yo te bay pou premye ane (2011-2012) ak evalyasyon ekip revizyon pwofesyonèl la fè. Apresa, Biwo Evalyasyon Kous pou Antèt pral voye yon lèt don pou distri a. Fon total pou Lekòl Leta Miami-Dade County se $952,381 pou premye ane a, pou chak nan de pwojè yo. Yo ap renouvle don yo pou dezan anplis, baze sou satisfaksyon pèfòmans ane anvan an. Florid elijib pou l resevwa $700 milyon nan fon Kous pou Antèt la pandan 4 an. Selon aplikasyon pou don Florid la, yo pral sèvi ak fon yo pou ogmante siksè elèv; diminye eka ant sou gwoup lekti/redaksyon ak matematik; ogmante nivo gradyasyon nan lekòl segondè; e ogmante anwòlman nan kolèj ak kantite elèv ki fini omwen valè yon ane kredi kolèj ki aplikab pou yon diplòm pandan anwolman dezan nan yon enstitisyon etid siperyè. Depatman Edikasyon Etazini patwone Kous pou Antèt pou ofri $4.35 milya pou eta ki antèt avèk plan anbisye men ki reyalizab pou egzekite refòm edikasyon konsistan, konvenkan ak konpreyansif. Yo te chwazi Florid kòm youn nan 16 finalis pou Faz I don Kous pou Antèt, dèske li resevwa katriyèm pi gwo kantite pwen pou aplikasyon li a.
### 11-JS/129/MF/RL
|