POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 28 jiyè 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

KOMISYON KONSÈY LEKÒL LA APWOUVE ALINANIMITE BIDJÈ PWOVIZWA AK PLAN RE-ÒGANIZASYON SIPÈENTANDAN CARVALHO A


MIAMI – Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County, Florida apwouve alinanimite plan re-òganizasyon ak bidjè pwovizwa Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho a nan yon reyinyon yè.

Pwopozisyon bidjè $3.9 milya a genyen ladan yon montan taks pwovizwa $8 pou chak $1,000 sou evalyasyon valè pwopriyete, yon rediksyon sou ane dènyè a. Plan an pwoteje salklas la e anplwaye debaz lekòl la ak distri a.

Plan re-òganizasyon an amelyore kad estratejik distri lekòl la nan restriktire fonksyònman, idantifye e eliminite eksè, redui frè fonksyònman e pwodui yon bidjè ki balanse. Re-òganizasyon yo apwouve a pral lakòz yon ekonomi anyèl $13.7 milyon apre depans.

Plan re-òganizasyon an gen ladan chanje senk sant rejyon pou kat sant rejyon, ranfòse desizyon yo pran nan nivo lekòl yo nan mete tout anplwaye sipò yo nan yon gwoupman fon, konsolide pwogram Edikasyon Adilt, Vokasyonèl ak Altènatif, e etabli yon Plan Mentnans ak Dirabilite ERP. Plan an etabli yon Peman pou Pèfòmans inovativ pou direktè ak asistan direktè, yo ap finanse ak lajan don “Kous pou Antèt” la. Plan Jesyon Siksesyon an devlope yon “database” (lis done) lidè pandan li ap ofri e devlope eksperyans kritik ak devlopman pwofesyonèl.

 

###

11-JJS/130/DF/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès